Sunday, July 10, 2011

On behalf of CAFEM

Yon ti souvni CAFEM vle pataje pou n di mèsi a tout zanmi ki te patisipe nan selebrasyon sa.

Chak fòmasyon se yon fèt, yon fèt pou moun aprann youn nan men lòt, yon fèt pou selebre richès prensip pou travay ak granmoun yo.

Nan Laborde, fèt la te bèl, tout moun te dakò ke: "granmoun aprann sa yo vle, jan yo vle, kote yo vle, lè yo vle". Foto sa yo se yon bèl souvni pou n pa janm bliye fòmasyon sa, epi mizik yo rezime byen anpil bèl diskisyon ki te fèt pandan tout semenn nan.


Chak jou pi plis, nou reyalize ke travay ledikasyon pa yon travay net ditou... Chak fòmatè gen yon wòl kapital li ka jwe pou pote bon jan chanjman epi pou ede lòt zanmi amelyore oswa chanje konpòtman yo.


Nou te pale de prensip "congruence" la anpil. E chak fwa, nou pale de prensip sa, nou renmen pawodye yon chante Boukman Eksperyans. Koute chante a pandan nap gade rès foto yo epi na di sa n panse...