Saturday, January 24, 2009

Blog sa se pou nou tout


Blog sa pa pou mwen sèl.


Jan mwen toujou di: "Fomasyon" se yon espas kote moun pa vin aprann sèlman; se yon espas kote moun vin divèti yo, moun vin distrè yo pandan yap aprann tou". Blog sa se yon espas kote tout moun ki fin patisipe nan yon fomasyon CAFEM kapab eksprime yo tou pou komante kijan yo te viv moman an ak tout sa ki te fasilite aprantisaj la.


Mwen komanse blog sa, men se komantè tout tifozi CAFEM yo ki pral ba li jarèt. Pa ezite! Depi w te patisipe nan yon fomasyon CAFEM, espas sa se pou ou, vin di lemond antye kisa w pi renmen nan fomasyon CAFEM yo ak tout sa ki make w pi plis.


Annatandan nou rankontre anko nan yon lot sal fomasyon, blog sa ka ede w tou pou poze nenpot ki kesyon ou ta genyen pou CAFEM oswa lot zanmi ki swiv fomasyon nan CAFEM. Aprantisaj la komanse nan sal la, kounye a wal pratike, se lè sa brase lide yo ap pi rich, se lè sa nap pi kontan tande w. Wap poze kesyon, nap reponn, lot zanmi ap reponn. Fomasyon CAFEM yo pa janm fini... Se sa lekol lavi a ye!


Blog sa pa pou mwen sèl, li se blog nou tout. Ekri nan lang ou vle! Ou wè jodi a, mwen manche bwa kreyol mwen, petet pita oswa demen se franse oswa angle ma ekri, ou mèt fè menm jan tou.


Blog sa se pou ou! Poste sa ou vle, jan ou vle, lè ou vle, kote ou vle. Pawol sa pa nouvo pou nou; se konsa GRANMOUN aprann!

3 comments:

  1. Ala bel moman imaj sa yo fem reviv. Depi le nou monte sou ti "tap tap" ki tap navige avek nou an, le nou rive sou zile a, yon ti tan pou nou rekonet nou, apre zon nan rele nou pan. Anpil bonjan mesaj penetre nou nan fomasyon an pandan bon lodyans tap tonbe tou. Gen moun se le saa yo dekouvri longe dezod yo. Le nou tap tounen mwen sonje " l'homme boussol" ki te chita byen alez sou extansyon avan ti "tap tap" lanme a. Mwen te pran plezim anpil. Sim pat la mwen pa ka di mwen tap regret paske mwen pa tap konnen kisam pedi, men mwen ka di mwen kontan anpil mwen te gen chans pou mwen te pataje ti moman sa yo avek yon gwoup "bon bagay".
    Fonie

    ReplyDelete
  2. Foto sa yo vini ak anpil bon souvni. Mwen sonje ti "tap tap" la sou lanme a kap ba nou sakad chak fwa li monte sou yon do dane ( vag lanme a). Le nou debake sou zile a, nou rekonet nou, apre nou pran zon nan pou nou. Mwen kapte anpil bon bet nan seyans fomasyon yo pandan bon lodyans tap tonbe. Gen moun se laa yo te dekouvri longe dezod yo. Mwen sonje le nou tap tounen, mesye "boussol" chita byen alez sou nen "tap tap" la poul bay pasaje yo direksyon. Mwen p ka di sim pat la mwen tap regret paske mwen pa tap konnen kisa mwen pedi. men mwen ka di mwen te kontan viv moman sa yo ak yon aquip bon bagay.
    Fonie

    ReplyDelete
  3. Merci edouine.
    Good djob dans l'espoir de te revoir pour la plus prochaine session.

    Kednel

    ReplyDelete