Saturday, January 24, 2009

Souvni Lilavach

Sa se souvni pa m!



Anpil moun ka gen lot souvni pa yo. Men sa ki pi bèl nan fomasyon Lilavach la se ke souvni yo komanse anvan menm fomasyon an komanse. Deja rive sou waf Okay, tout moun pa t ka ri anko, gen zanmi ki te pè ti bato, gen lot ki tap kontanple vag lanmè, genyen ki tap priye BonDye pou yo te ka tounen ti zwazo pou travèse lanmè a.



Sa ki te pi bon an se ke tout moun te gen yon sèl objektif: "Ateri Lilavach pou al benyen nan basen aprantisaj CAFEM nan". Ou di mwens se sa ki te nan tèt pa m! Fwa sa a, pisin CAFEM nan te sou yon zile, pat gen benyen, pat gen naje san janbe dlo. Lè premye ti bato a ale, kè m te tanmen sote, mwen wè li tap balanse de bò. Lè m mande nan ki bato nou menm nou prale, kè m te pi sote ankò. Mwen pa t vle kwè zanmi ki te di m: "se nan ti bato jon wap gade lòt bò a".



Tan tap pase, nou te toujou sou waf lè ti bato jon tap goumen pou akoste. La marin pa metye m men li pa te fasil ditou. Mesye yo te lite e plis yo tap lite se plis kè m tap bat fò. Lè konsa, nèg pa ka pale anpil! Se veye lè, se tann pou tann. Moso patisipan yo deja nan fon lanmè a, yo deja preske rive sou zile a, wè pa wè fok mwen ale tou. Chat pran lang mwen, mwen tap tann tou pa m pou monte dlo. Nan vizyon mwen, fomasyon an te gentan ap fèt sou waf la. Se sèlman yon sitiyasyon konsa ki te ka met vizyon sa nan tèt mwen: fomasyon sou waf, fomasyon nan bay klèb! Fomasyon tout kote, sof lot bò lanmè a sou zile mwen te swete al konnen an.



Fomasyon an pat ka sou waf! Fomasyon an pat ka ak mwatye nan patisipan yo! Fok mwen te pran lanmè a. Mwen monte ti bato tou dousman san pale. Vag lanmè a te bèl paske m renmen lanmè, vag lanmè a pa t two fò pou je m gade paske m renmen espektak sa. Men paske m te nan ti bato a, mwen te twouve vag yo twò fò: Mwen pa di yon mo! Bato a poko deplase, mwen te anvi rive! Mwen pa rache yon mo, mwen fèmen
kamera a.



Mwen pat tande vag yo paske kè m tap bat two fò! Gen moun ki tap pale zafè reken, gen lot ki tap pale zafè "bagay", gen lot ki tap lapriyè nan kè yo, gen lòt ki tap mande pou maren yo navige pi vit. Mwen renmen gaz kole, men gaz kole sa resi pa t fè m byen. Li pa t pran tan pou zanmi yo te remake silans mwen! Li pa t pran tan pou yo te tanmen farouche m. Patisipan sa yo pa respekte fòmatè! Ala bèl bagay! Fòmatè sa pa gen pwoblèm ak patisipan li yo. Se bèl bagay. Ah! Yo pa t manke m: "Edouine pa pale menm", "Edouine pa ka filme anko", "A pa w te kapon"... Pawol sa yo tap rezonnen nan tèt mwen, men nan tèt mwen te gen yon sèl kesyon: "Kilè map rive?" Toutan map vanse, mwen wè zile a tap fè bak... Lè nou resi rive a, nou ta dwe deja rive.



Kad la te bèl, Lilavach byen bèl kote m te ale a. Kom mwen se moun nan nò, la menm mwen te sonje Labadee. Se pa fin menm bagay, men imaj Labadee te vin nan tèt mwen. Lè m rive, olye mwen panse a fomasyon an, mwen te pito komanse mande tèt mwen "kijan tounen an pral ye!". Apre kèk èdtan sou zile a, mwen te resi plonje tèt mwen ankò nan fomasyon an: Sal pou ranje, pwogram pou revize, odinatè ak
videyo pwojektè pou teste, madanm ak pitit pou rele nan telefon... premye nwit la te byen kout. Demen maten, se te yon plezi pou wè solèy la kap leve, pou wè vag kap karese lanmè a, pou wè pye kokoye kap fè van pou ti zwazo ak bèl flè kap souri pou bote. Si w ta renmen wè tout sa mwen te wè pandan semenn sa, rense zye ou...


Fomasyon an pat selman sa! Pa t gen selman bote lanati ak kè sote mwen. Mwen gen nan tèt mwen yon bèl souvni tout gwoup la ki te travay di, ki te kolabore pou fòmasyon an reyisi. Pifò moun pa t janm al nan lanmè ni nan pisin; Yo te sou zile a pou aprann pi plis kijan pou fè bon jan fomasyon pou granmoun. Ou pa ta panse sa! Yo travay di lajounen kou lannwit! Yo bay blag, yo trase rivyè lavi yo, yo ekri seyans fomasyon pas yo, yo anime seyans yo... Ke w te la, ke w pa te la, foto annapre yo se pou ou...



Si wap tann pou rakonte koman tounen an te ye sou lanmè a, kite m di w: li te dous!



M ale, klike sou "comments" pou esplike souvni pa ou. Yon kout chapo pou tout moun ki te la!

No comments:

Post a Comment