Wednesday, April 1, 2009

Laborde te bon tou


Mwen rele blog sa "Laborde te bon tou"! Men mwen ta ka rele li "Tout fomasyon bèl" oswa "Pa gen pi bèl pase fomasyon". Lè ou fin li, ou kapab bay non pa w tou. Men si m chwazi rele'l "Laborde te bon tou" se pou di zanmi yo ki te patisipe nan fomasyon CAFEM nan Laborde nan mwa janvye 2009 la: PA FE JALOUZI!

Nan CAFEM, nou fè fomasyon apre fomasyon! Chak semenn, chak mwa, nou nan fomasyon, nap fè fomasyon. Deviz nou, se pou tout patisipan satisfè! Deviz nou, se delivre bon jan kalite sèvis tout kote nou pase! Si n ta pran bloge sou tout seminè nou fè, nou pa tap domi lannwit. Tout sa pou m di zanmi Laborde ki te tanmen fè jalouzi yo, dezole si nou pran ta pou poste sa ki an rapo ak fomasyon pa yo a.


Blog sa se pou nou, nou te di: "CAFEM bliye nou"! Men li, CAFEM pa bliye nou, menm jan CAFEM pa janm bliye okenn zanmi ki patisipe nan seminè li. CAFEM pap janm bliye nou paske CAFEM aprann nan men nou menm jan nou aprann nan men CAFEM. Mwen di Laborde te bon tou si nou kwè mwen manti, mande moun ki te la.

Zanmi ki te la ka fè komantè pa yo tou. Men, kite m di nou: Sa fè preske 4 mwa depi mwen te viv esperyans "bon jan prensip pou fè fomasyon pou granmoun" yo avè nou. Chak fomasyon pa menm, menm lè tèm nan ka menm, chak grenn moun anplis ki la pote grenn sèl pa yo pou fè li gen pi bon gou. Nan Laborde gou yo te melanje menm jan sa rive byen souvan. Gou yo te melanje paske yon lot fwa anko CAFEM te komanse aprann depi avan fomasyon an te komanse. Men aprantisaj sa tou te gen yon lot gou paske mwen te viv pou lapremye fwa yon esperyans ke mwen pa janm bliye.


Ou menm kap li a, si w pa fomatè ou se yon pwofesyonèl! Kite m di w: Imajine ou debake nan yon peyi pou fè yon fomasyon epi lè ou desann avyon, ou tande okenn valiz pa vini, okenn malèt pa rive. Kisa wap fè? Kisa wap di? Li deja 4 trè nan lapremidi, ou gen pou komanse bonè nan demen. Enben, se konsa fomasyon sa te tanmen sou plas nan ti avyasyon Okay la. Zo kalbas tèt nou te komanse travay nan CAFEM pou imajine, kisa nou pral fè paske okenn materyèl fomasyon pa rive epi tou rad nou pa vini.


Bèl bagay! Enben, yon lot fwa nou te aprann enpotans bon jan dyalog, enpotans kolaborasyon, enpotans respè ak bon volonte. Oganizatè yo te konprann sa e te pèmèt an ouvran labouch nou fè kèk kopi sou plas epi fasilite la tach pou materyèl yo te rive nan demen maten avan midi. CAFEM pa t kontan jan sa te pase a paske nou te wont devan zanmi yo, men nou remèsye yo anpil paske yo te konprann sitiyasyon an.


Men pi bèl leson an, se ke fomatè oblije toujou gen yon plan de rechanj; si sa pa mache kisa wap fè. Fomatè oblije fleksib, si ou dwe chanje yon aktivite sou plas, fok ou abil pou fè sa, fok ou louvri lespri ou pou fè sa. Ansanm ak Jean zanmi mwen nan CAFEM, nou pa byen domi lannwit sa pou prepare flipchat ki rete nan avyon ak pou asire nou ke nou gen yon plan de rechanj pou fè tout aktivite yo annatandan materyèl yo rive.


Enben, tout bagay te byen pase! Tout patisipan yo te kolabore, tout moun te fè fomasyon sa yon evènman pou n pa janm bliye. Te gen moun ki soti nan divès pwogram: Sante, Ledikasyon, Agrikilti, elatriye... Te gen fanm kou gason ki sot nan divès rejyon nan peyi a. Men lè ou antre nan sal la, tout moun te fè yon sèl, pa t gen diferans. Tout moun tap pale yon sèl lang: dyalog! Tout moun tap fè lwanj prensip pou fè fomasyon pou granmoun yo, tout moun te chante, tout moun te danse. Pa panse yo pa aprann tou: TOUT MOUN APRANN ANPIL paske nan fomasyon CAFEM yo patisipan yo pratike la menm sa yo vin aprann nan. Yo pratike pandan yap amize yo, yo pran plezi pou yo aprann paske yo santi yo lakay yo. Lè m di nou li te bon an, li te bon. Laborde te bon, Gen kèk lot moman ki te make m, tankou: aktivite fomasyon gwoup yo te ekri, chante gwoup yo te konpoze, tankou defile de mod la (Marjorie videyo pa w la ap vini pa imel), tankou poèm patisipan yo te ekri pou remèsye CAFEM, elatriye...


Mwen pa bliye anyen ditou. Pou tout moun ki vle rafrechi memwa yo, gade kèk lot foto ak videyo epi apre nap di menm jan avè m: Laborde te bon tou!






Petèt, ou fin li blog sa men ou pa te la. Si ou nan sitiyasyon sa, klike sou videyo annapre yo, epi wa di m ou menm kisa ou panse.
From Recently Updated
From Recently Updated
From Recently Updated
From Recently Updated
Pa bliye klike sou "comments" pou kite komantè pa ou.

1 comment:

  1. Cette semaine de formation à Laborde était très fructueuse, j'ai fait deux sessions de formation pour les agents de santé de mon établissement. Je mets en pratique tous les principes appris. Je continue à pratiquer encore, je n'oublie jamais les méthodes, ainsi que les 4A.
    Je vous remercie pour les conseils.

    Lucienne

    ReplyDelete